Tèm ak Kondisyon

Tèm ak Kondisyon

Wallet Gourdes

Dènye Mizajou: 09/Janv/2026

Tèm ak Kondisyon sa yo gouvène itilizasyon Wallet Gourdes (yo rele l tou "Platfòm nan", "Sèvis la" oswa "Wallet la"). Lè ou antre sou sit la oswa itilize aplikasyon Wallet Gourdes, ou konfime ou li, ou konprann, epi ou dakò ak tout kondisyon ki ekri anba yo.

1

Deskripsyon Sèvis la

Wallet Gourdes se yon wallet dijital dezentralize ki pèmèt itilizatè yo:

  • Kenbe, voye, resevwa ak jere Gourdes Token
  • Entèaji ak blockchain Solana
  • Itilize fonksyon blockchain ki disponib tankou staking, swap, oswa lòt sèvis ki ka ajoute
Enpòtan: Wallet Gourdes pa kenbe lajan itilizatè yo epi pa estoke kle prive ni fraz sekirite.
2

Responsablite Itilizatè a

Lè ou itilize Wallet Gourdes, ou dakò pou:

  • Pwoteje kle prive ou ak fraz sekirite (12 oswa 24 mo) ou
  • Pa pataje enfòmasyon sekirite ou ak pèsonn
  • Verifye tout tranzaksyon avan ou konfime yo
⚠️ Atansyon: Si ou pèdi fraz sekirite ou oswa kle prive ou, li enposib pou rekipere wallet la oswa fon yo. Wallet Gourdes pa gen okenn aksè sou sa.
3

Risk ak Avètisman

Ou rekonèt epi ou aksepte ke:

  • Kriptomonnen yo gen gwo volatilité
  • Tout tranzaksyon sou blockchain yo irevèsib
  • Ka gen reta, erè teknik, pwoblèm rezo, oswa pwoblèm smart contract
Wallet Gourdes pa responsab pou okenn pèt finansye, erè itilizatè, oswa pwoblèm ki sòti sou blockchain lan.
4

Pa gen Konsèy Finansye

Wallet Gourdes:

  • Pa bay konsèy finansye
  • Pa garanti pwofi
  • Pa ankouraje okenn envestisman espesifik

Tout desizyon ou pran se responsablite pa ou sèlman.

5

Konfòmite ak Lalwa

Ou dakò pou:

  • Itilize Wallet Gourdes dapre lalwa peyi kote ou ye a
  • Pa sèvi ak wallet la pou aktivite ilegal tankou blanchiman lajan, fwod, finansman aktivite kriminèl, elatriye
Nenpòt itilizasyon ilegal ka lakòz sispansyon oswa revokasyon aksè san avètisman.
6

Disponiblite Sèvis

Wallet Gourdes gen dwa:

  • Modifye, sispann, oswa retire nenpòt fonksyon nenpòt ki lè
  • Fè mizajou teknik oswa antretyen san avètisman
Nou pa garanti sèvis la ap toujou disponib san entèripsyon.
7

Done ak Konfidansyalite

  • Wallet Gourdes pa estoke kle prive ni fraz sekirite
  • Tranzaksyon yo vizib piblikman sou blockchain Solana
  • Nenpòt done itilizatè ki kolekte respekte prensip konfidansyalite
Gade Privacy Policy nou an pou plis detay.
8

Limit Responsablite

Nan limit lalwa pèmèt, Wallet Gourdes, devlopè li yo, oswa patnè li yo pa responsab pou:

  • Pèt kriptomonnen
  • Erè tranzaksyon
  • Aksè san otorizasyon akoz neglijans itilizatè
  • Pwoblèm rezo oswa twazyèm pati
9

Chanjman nan Tèm yo

Wallet Gourdes ka:

  • Mete ajou oswa modifye Tèm ak Kondisyon sa yo nenpòt ki lè
Kontinye itilize wallet la vle di ou aksepte nouvo tèm yo.

Akseptasyon

Lè ou itilize Wallet Gourdes, ou konfime ke:

  • Ou li tout tèm yo
  • Ou konprann yo
  • Ou aksepte yo san kondisyon

Kontak & Enfòmasyon Ofisyèl

Pou mizajou ak enfòmasyon ofisyèl:

gourdestoken.com